Sispann Chèche Yon Nouvo Ide Biznis!

Moun Ap Peye Pou Sèvis Netwayaj Chak Semèn. E Si Se Konpayi Pa W Yo Te Rele?

Dekouvri kijan ou ka kòmanse bati pwòp biznis netwayaj pa w, menm si ou poko gen eksperyans.

Cleaning Business Masterclass

YON LÒT FASON POU W FÈ BIZNIS

Ou Pa Oblije Vann Pwodwi Pou W Bati Yon Biznis.

Olye w vann pwodwi, ou kapab bati yon biznis ki ofri yon sèvis moun deja bezwen.

Biznis Ki Vann Pwodwi

  • !

    Jere envantè.

  • !

    Jere livrazon ak retou.

  • !

    Risk pou pwodwi pa vann.

★ Rekòmande

Biznis Ki Bay Sèvis

  • Pa gen stock pou revann.

  • Ofri sèvis moun deja bezwen.

  • Kliyan ki ka retounen.

SA W AP APRANN

3 Bagay Ou Pral Aprann Nan Masterclass Gratis La

01

Kòmanse San Gwo Kapital

Aprann premye etap pou w lanse biznis netwayaj pa w san depans ki pa nesesè.

02

Jwenn Premye Kliyan Ou

Dekouvri ki kote pou w chèche kliyan ak kijan pou w prezante sèvis ou.

03

Bati Yon Konpayi, Pa Sèlman Yon Travay

Konprann kijan ou ka òganize biznis la pou l grandi avèk yon ekip.

PETÈT OU REKONÈT TÈT OU LA A...

Ou Pa Bezwen Gen Eksperyans Pou W Kòmanse Aprann.

Kit ou deja eseye lòt biznis, kit se premye fwa w ap kòmanse, masterclass gratis sa a ap ede w konprann premye etap yo.

  • Ou anvi gen pwòp biznis pa w, men ou poko konnen ki kote pou w kòmanse.

  • Ou vle eksplore yon lòt sous revni.

  • Ou deja eseye lòt biznis, men ou vle dekouvri yon nouvo modèl.

  • Ou pare pou aprann yon bagay nouvo epi pran aksyon.

OU GEN KESYON?

Men Repons Pou Kèk Kesyon Ou Ka Genyen

Wi, enskripsyon ak patisipasyon nan masterclass la gratis. Nan fen fòmasyon an, nou ka prezante yon pwogram peye pou moun ki vle plis akonpayman. Men ou pa oblije achte anyen pou patisipe.

Non. Fòmasyon an fèt tou pou moun ki poko gen eksperyans. N ap esplike kijan biznis netwayaj la fonksyone ak premye etap ou bezwen konprann pou kòmanse.

Ou pa oblije kòmanse ak yon gwo envestisman. Men, tankou nenpòt biznis, ka gen depans pou ekipman, materyèl, asirans ak lòt bezwen. N ap montre w kijan pou w reflechi sou premye depans yo.

Wi, li posib. Sa depann de orè w, resous ou ak fason ou òganize biznis la. Fòmasyon an ap ede w konprann diferan fason ou ka kòmanse.

Pa nesesèman. Ou ka kòmanse fè travay la ou menm oswa òganize yon ekip selon resous ak kapasite biznis la. Nan masterclass la, w ap aprann kijan modèl sa yo fonksyone.